Istwa Renmen-an
Lè Jezi te ale Jeriko, li te touche lavi de moun: Zache e Batime. Yon'n nan yo te chèf nan pèseptè taks ki te trè rich. Lòt lan te pòv, yon'n ki te chita bò chemen an. Jezi gade tou de memn jan. Pa yon moun ki rich pa yon moun ki pòv. Men, yo tou de te mizerab e pòv.
Lè Jezi te bay yo libète, gras ak mizèrikòd kè yo tou de te bezwen, tou de satisfe e y-ale avek kè kontan. M-ap di-w sa kounye a si Kris satisfè bezwen de moun sa yo ki te san espwa, li kapab tou, satisfè ou. Ke ou se rich oswa pòv ou nan mitan de moun sa yo, Jezi kapab satisfè bezwen w.
​
Jan 3:16 se kote nou jwenn lanmou Bondye; yon lanmou ki te pouse Bondye pou-l bay sèl pitit li pou tout moun pa peri, men pou yo gen lavi etènèl.
​
Ròm 10:9 di "Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wap sove".
​
Si ou ta renmen resevwa Jezi kòm Sovè pèsonèl ou, repete priyè sa a avèk nou:
"Seyè, mwen konfese ke mwen te peche kont ou. Mwen kwè ke Jezi te vin sou tè a epi yo te krisifye-l pou peye peche mwen. Mwen kwè ke Jezi leve soti vivan nan lanmò epi li gen pouvwa sou tout kreyasyon. Kounye a, mwen aksepte Jezi kòm Sovè mwen epi kòm Senyè nan lavi mwen. Amen."
Èske ou te fè desizyon ki chanje lavi w? Nou ta renmen tande w!
​
Ekri nou nan fòm ki anba oswa rele nou nan (706) 421-7724
Si w ta renmen resevwa Jezi-Kri kòm Sovè Pèsonèl ou repete lapriyè sa a:
"Seyè, mwen konfese ke mwen te peche kont ou. Mwen kwè ke Jezi-Kri te vini sou tè a e li te fèt e li kloure sou kwa pou peye peche m yo. Mwen kwè ke Jezi-Kri te leve soti vivan nan lanmò e li gen pouvwa sou tout kreyasyon an. Kounye a, mwen aksepte Jezi kòm Sovè mwen e kòm Senyè lavi m.
​
Istwa Zache
​
Lik 19:1-10
​
Jezi antre Jeriko, li t'ap travèse lavil la. 2 Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich. 3 Li t'ap chache wè ki moun Jezi ye. Men, li te yon nonm ti tay. Akòz foul moun yo, li pa t' kapab rive wè li. 4 Li pran kouri devan; li moute sou yon pye sikomò pou l' wè Jezi ki te gen pou l' te pase bò la. 5 Lè Jezi rive la, li leve je l' anlè, li di l': Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a. 6 Zache prese desann, li resevwa Jezi ak kè kontan. 7 Lè yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche. 8 Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè. 9 Jezi di li: Jòdi a, kay sa a delivre paske nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou. 10 Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.
Istwa Batime
​
Mak 10 :46-52
​
46 Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l' Batime, pitit Time. 47 Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: -Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen. 48 Anpil moun t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: -Pitit David la, gen pitye pou mwen. 49 Jezi kanpe, li di konsa: -Rele l' pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: -Pran kouray, leve, men li ap rele ou. 50 Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l' te vin bò kot Jezi. 51 Jezi mande li: -Kisa ou vle m' fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m' wè ankò. 52 Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.
​
Jan 3:16